ebook img

Pawolitik: Yon pale anralba PDF

130 Pages·2016·3.305 MB·Haitian Creole / Kreyòl ayisyen
by  Kwitoya
Save to my drive
Quick download
Download
Most books are stored in the elastic cloud where traffic is expensive. For this reason, we have a limit on daily download.

Preview Pawolitik: Yon pale anralba

ayi SO WA w fa l l Pawolitik Jean-Robert Victoria (Kwitoya) Trilingual Press: PO Box 391206, Cambridge, MA o2189 E-mail: trilingualpressQtanbou.com Tel. 617-331-2269 Composition typographique et photo de couverture : David Henry, www.davidphenry.com ISBN 13: 978-1-936431-30-4 ISBN 10: 1-936431-30-0 Library of Congress Control Number: 2016953006 Premye edisyon / Première édition / First edition: Oktòb/Octobre/October 2016 Kwitoya yon pale anralba Trilingual Press, Cambridge, MA Lòt travay ekreyandwa a Zokritkrit, poèm, 1982. Mon oeil gauche, 1984. Boulezètòk, teyat, Institut Francais d'Haiti, 1987. Griye, 1990. Men Goudougoudou, powèm 2010, Ochan manman, miniwoman, 2012 ekstrè pibliye sou revi Tanbou. Pawolitik Atizay pwetik an ayisyen pou Stephanie Victoria, Jaddua Victoria, Gregory Victoria, | Samuel Victoria, Nathalie Victoria, Kevin Victoria, Théophile Victoria, Rayhann Victoria, Nayanh Victoria, Yavens Victoria. Dizon Otè a awolitik vini, apre plizyè zèv pwetik, teyat ak esè Kwitoya, kòm yon fouyezo; yon pledman klaw totalkapital pou ayisyen an (kreyòl la); yon gouyav anralba pou deplòtonnay literati a—domèn ki deja boure ak atizay literè, konpoz pwetik e lòt fòm kreyasyon ponponchoublak. Pawolitik lanse Il nan siyaj marasa yo ki chita nan konsyans Ayisyen an. Sanble yo revandike dwadenès toukonsa nan lang Malis! Bouki! ak Brijit la! Fòs monte- desann antresoti mo marasa nan literati ayisyen an se yon evidans manifès. Otè a refize kache yo dèyè rido piske yo sonnen byen nan antandman an. Mo marasa konn nonkomen ak nonkomen. Adjektif ak non. Adjektif ak adjektif. Vèb ak vèb. Vèb ak non. Vèb ak adjektif pi souvan monte okreno yo chaje lide a. Sanble yo pot plis fòs ba tèks la !A k marasa yo gade ou mèt twonse lide a deliyen l zigzage l panse a ret entak nan defile vokab lib k ap fòmate ekritman an. Kenbe yo nan ekritman ayisyen an plis louvri opòtinite anrichi lang lan ke apovri l. Yon demach konsa ankouraje pwogrè. Inityativ ki retwouve liy politik ak idewolojik otè a. Angajman l pou emansipasyon fanm lan... pou pwogrè libète lanmou ak byennèt pou nou tout se filwouj kozri a. Se ralba a marasa yo souvan detire repliye epi kite mizik la jwe rèd an anomi sou tout emosyon ak enpilsyon. 'Tanto pawolitik la se ochan. Se rèv. Se kriye. Se souri. Se yon griyendan atizaye... Chak plimje moso atizay sa a se yon fyang zèklè... yon zepigalaksi otè a zepengle nan batay pou pwogrè ak vansman ayisyen an (kreyòl la). —Kwitoya 12 septanm 2016 Yon pale anralba 7 e TU ASOSYE AV Da di GO Ranm pou ranm Lalin touye je l sou nou Doudou ann pwofite lanbe lavi a klin jous lanmò bliye n se dènye piye n ap siyen san sipa ni tyentyen m ap pran poul anbavant ou pou pwent tete w kanpe souf nou kon van siblim pran wotè ansanm ranm pou ranm zetwal yo mèt fouyapòt pyebwa yo paladyòl fòk lanmou an sele nou pou n leve renmen an gad epi kite yon tablopenti mistè pou lalin lan. Yon pale anralba Lanmou an ..dèyè souri w zye W kache se sèten figi w pral pwofonde kon vijinite nwit massif ou pral bege bèl pale depale soulang degrennen bonnanj mwen plante listwa n pou latè peple fanm ak gason k ap mire pòmpeche avèk plis chalè manje fwi defandi a avèk plis savwa souvan deja nou vini fò syèl la espannta lalin deklare : lanmou saa se rezon limanite genyen 10 Pawolitik

See more

The list of books you might like

Most books are stored in the elastic cloud where traffic is expensive. For this reason, we have a limit on daily download.