ebook img

ONG: Ki gouvènman ou ye? PDF

70 Pages·2009·2.995 MB·Haitian Creole / Kreyòl ayisyen
Save to my drive
Quick download
Download
Most books are stored in the elastic cloud where traffic is expensive. For this reason, we have a limit on daily download.

Preview ONG: Ki gouvènman ou ye?

ONG: Ki gouvènman ou ye? Jn Anil Louis-Juste Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn ASID Kaye P wogresis 2 Hi Tous droits réservés Dépòt Légal : 09-05.-398 Bibliothèque Nationale d'Haiti Achevé d'imprimer: Impressions Jean-Louis KOPIRAPID en Juin 2009 Ranmase PRETAS 1 be penaian d ay ank è azknaY ND L k a edan3 KOZE AEVAN PÒL e kè n ear ak ason a op a e a kk pan e e kai kek 7 I. An nou prezante pwoblèm PWAN e CS n kaa kk paR a ko ka a n e Ase rent ae ti apa aye II. Fòmasyon Sosyal ayisyèn ak kriz Leta a an Ayiti ....17 2.1.Batistè Sosyete ak Leta an Ayiti ...................... 17 2.2.Plas kapital la nan fòmasyon sosyal ayisyèn nan ..... 22 HI. ONG : yon repons nan kriz sosyal ayisyèn nan ........ 29 3.1.Makfabrik Kriz Sosyal la, an Ayiti ................eeeeeree 3.2.ONG, Sektè Popilè ak Pati Politik : Kesyon Sosyete Sivil la ? a.rwaraenisnesiaeseedokouistntaoe IV. ` ONG : ki gouvènman ou YE ?.............0..u.2r.errerrrereroen 4.1.Kote ONG soti pou 1 tabli an Ayiti ? ..................... 4.2.ONG :Gouvènman entènasyonal sou teritwa TSIYÒNAL L kè èk pa w ai e l n a P kn kane pon kek pe ONA e Ga vl POUD EIVÉ DAN BOUÈ ene iei de anve t si vaedas tes van men Kas ENA BIEYON SAA AN aa Dore pita ko ee e dasdaa S wa pa pò Dee - N e a ak en 0 kn] Prefas Mil kat san katreven douz! Yon kolonn kolon blan debake. Kristòf Kolon alatèt. Endijèn yo sezi. Kanpe ap gade bato k ap pwoche. — Kisa nou vin chache mesye? — Nou pote Bondye pou nou. Kapitalis la pa mache lòt jan. Tout kote li pase, li chanje rapò ki te genyen anvan yo. Kòm li blije toujou ap chache debouche, laboujwazi anvayi tout planèt la. Li blije plante pikèt li tout kote, plante pezesouse tout kote, tabli relasyon sosyal miwomiba li yo tout kote. Se konsa, kolon vin plante kwa li an Ayiti. Olye yo reponn kesyon kisa yo vin chache, yo vire lang nan bouch yo pou di kisa yo pote pito. Rès la, tout moun konnen l. Kapitalis plante kolonizasyon l nan peyi a. Pou antrepriz la ka mache pibyen, yo kreye yon ideyoloji kote yo tante foure nan tèt Natifnatal, yo pa moun, yo pa gen nanm. Yo dwe aksepte vin esklav pou yo ka jwenn sali. Taynòs pa pran nan fo mamit. Kapitalis ewopeyen pa pèdi tan: yo touye depi se karayibeyen ki te gen sou tè d Ayiti. Jodi a, se non endijèn nan sèlman ki rete. Ak dezoutwa mo pou raple souvni yo. Modènite kolonyal pa gen jwèt. Pa gen endijèn ankò, l al chache Nèg an Afrik. Tout mwayen bon, depi se pou ranmase richès pote ale an Ewòp. Sou tè d Ayiti, Nèg bourike pandan desan lane jouk yo rive kase chenn. Sou tè Brezil, se apenn nan fen diznevyèm syèk la yo resi vote yon lwa pou kaba lesklavaj. Men anvan yo fè sa, premye abitan Lamerik yo, kit se Ayiti osnon Brezil, kit se Ajantin osnon Venezyela, kit se Meksik osnon Etazini, modènite kolonyal detri jouk nan dènye rasin yo. Se nan kèk ra kote, tankou Amazòn, kote gen kèk rasin endijèn ki rete osnon ankò nan Bolivi kote gen Endijèn reparèt tèt yo. Nan eee Se pa sèlman Lamerik modènite kolonyal la anvayi, Pase Lazi li la, Lafrik menm rele 1 chèmètchèmètrès. Yo kontinye avèk kolonizasyon an san yo pa menm pase yon timen ladan. Jouk Dezyèm Gwo Lagè a. Devan kantite moun lagè sa a pote nan peyi san chapo, mèt lemond yo vin konprann nesesite pou tabli lapè. Sa yo menm deside rele lapè a. Yo konprann lapè y ap pale a p ap ka danse kole avèk kolonyalism ki vlope lemond. Yo deside fòk kolonyalism chanje fòm. Fòk li chanje diskou. Plop! Yo jwenn li. Devlopman! Devlopman. Se nouvo diskou sa a mèt lemond yo jwenn pou kontinye sistèm kolonyal la. Kidonk, fòk yo deklare kolonizasyon fini pou kolonizasyon an kapab kontinye pirèd. Fòk yo retire lame yo nan Tyèmond lan. Fòk yo retire enstitisyon kolonyal yo tou. Menm si se menm travay la k ap rapousib, men sa pa ka rapousib sou menm fòm nan. Fòk gen enstitisyon tounèf pou kontinye fè menm travay la. Ki kote y ap jwenn enstitisyon sila a? Se LONI k ap bay li. Yo pral jwenn yon bèl tinon pou ba li: Òganizasyon ki pa gouvèlman. Tout moun yo rele 1O NG. Pa gen yon sèl moun je klere ki janm pran kaka poul pou jòn ze. ONG kapab toujou di li pa gouvèlman. Men tout moun konnen trè byen kisa yo rele ONG: se bra ideyolojik kapital la pou l lonje tout kote leta pa vle rive. Epi ki moun k ap gade ki pa wè nan chak bagay se leta yo mete deyò pou ONG ka anvayi? Men fòk ou gen nen fen. ONG pa tire zam okenn kote, tankou lapolis ak lame ki yo menm tou se bra kapital la. ONG se pito nan lespri moun li aji pou vire lòlòj fèb. Pa egzanp, depi se pwoblèm sosyal ki mete travayè yo bab pou bab avèk kapitalis boujwagrandon sousèt yo, ONG pote solisyon teknolojik pou yo. ONG anvayi tout peyi yo rele Tyèmond yo, se kwazad yo fè pou preche levanjil devlopman. Konsa pou rezoud pwoblèm “soudevlopman” nan peyi sa yo, yo te deja gen solisyon an nan 4 valiz yo: se modènizasyon. Se pa nan bouch predikatè ak misyonè ONG yo w ap janm tande devlopman ak soudevlopman se palmis ak tonton Nò sou degouden. Alewè pou yo ta di ou si ONG se gouvèlman tou. ONG: ki gouvènman ou ye? Se deba sila a Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyèn pwopoze nan kayè pwogresi 2 a. Se yon gwo brase sou 4 pozisyon diferan sou ONG nan peyi a. Anndan deba a, gen yon bagay ki rete klè: yon moun ki vle konprann ki kalte gouvènman ONG yo ye nan peyi d Ayiti blije gade ki kalte peyi nou ye, kidonk, etidye avèk pasyans fòmasyon sosyal ayisyen an. Epi tou, nan sitirasyon nou ye a, si ou pa gade ki kalte mannigans Entènasyonal Kominotè a ap fè nan peyi a, ou p ap ka fin konprann avèk ki ladrès kapital entènasyonal la kwaze pye sou lestonmak peyi a. Se demach sa a Jn Anil Louis-Juste envite nou fè avèk li pou dekouvri ansanm ki gouvènman ONG ye. Li twoke kòn li avèk yon seri save sou ONG tankou Aliette Mathurin ak lòt ki ekri ansanm avèk li yo, Sauveur Pierre-Étienne, Eric Gallibur. Jn Anil Louis-Juste pwofite tou dyaloge avèk yon seri save ONG nan peyi Brezil kote li te etidye. Men, se pa dyalòg dan griyen. Jn Anil pa yon premye vini nan kesyon sa a. Li pwodwi plizyè liv deja sou koze a, pami yo Entè-OPD kalfou pwojè (1993). Pigwo tèz li fè sou kesyon ONG an 2007 pou l te ka pran dènye grad li nan Inivèsite Federal Pènanbouk, se yon referans anndan inivèsite sila a. Tit tèz la se : “Internacional Comunitaria: ONGs chamadas alternativas e Projeto de livre individualidade. Critica a parceria enquanto forma de solidariedade de —espetaculo no Desenvolvimento. de comunidade no Haiti”. Nou kapab tradwi ! konsa: “Entènasyonal Kominotè: ONG ki rele tèt yo altènativ anfas Pwojè libète pou tout moun nan. Kritik sou patenarya ki se yon fòm solidarite espektak anndan Devlopman kominotè a an Ayiti”. Se yon referans anndan inivèsite sila a. Nou temwen avèk de je nou kijan, anndan Inivèsite Federal Pènanbouk, pwofesè k ap 5 annan oo oryante etidyan doktora pa janm bouke voye etidyan yo al pran modèl sou tèz sila a. Non sèlman pou prèv gwo kapasite lotè a pou l prepare tèz li avèk metòd. Men tou paske tèz la pote yon seri konesans sou ONG nan lemond pèsonn pa t ankò dekouvri. ONG: ki gouvènman ou ye?, ofri Jn Anil yon okazyon pou pataje avèk pèp ayisyen moso nan tèz la, paske se pèp ayisyen ki vrè mèt tèz la. Pa gen dout, apre yon moun fin li moso tèz sa a, l ap konprann ki gwo wòl ONG ap jwe nan kenbe peyi d Ayiti nan malsite. Sa ki vle di, moun k ap chache wout demen miyò pa sèlman pou tèt pa li, men pou tout moun menm jan avèk li, ap rive idantifye moso nan travay nou dwe fè ansanm pou retire chenn newokolonyal yo nan lespri nou. Franksegi 27 me 2009. Koze devan pòt Depi lè ni esklav ni fanm ni etranje pat gen dwa ochapit, gouvènman te toujou rete anba men ti ponyen yo rele pwopyetè. Se sitou moun save sa yo ki te gen dwa prevwa sa k pral pase epi deside pou kontwole lavni. Nan moman sa a, se te filozòf yo te konsidere ki gen kapasite sa a. Pratik sa a te rele demokrasi tou! Firanmezi demokrasi oligachik sa a t ap devlope, se konsa tou li t ap fè lènmi. Kidonk, li te vin bezwen defann tèt li. Konn reflechi pou prevwa, se te youn. Men tou, konn batay pou defann tèt ou, se yon lòt. Ladrès militè vin tounen yon manman pyès nan plan pou demokrasi elitis la fè chimen l. Nou kapab di: gouvènman pran fòm dapre nannan enterè ti ponyen k ap dirije yo. Antouka, malgre taktik militè moun sivilize yo, moun yo rele sovaj yo te vare sou yo jouk yo tabli pwòp fòm gouvènman pa yo ki chita sou konn fè lagè ak priye granmèt. Chak gèrye vin tounen yon pwopyetè ki mèt e senyè nan kanton l. Se gouvènman militè relijye sa yo ki te anvayi peyi premye ayisyen yo. Peyi nou an te divize an kasika; chak kasik se te yon gwo konseye k ap veye sou lavni kominote a, sa vle di sou pataj rekòt yo, sou fèt kolektif yo, elatriye. Pyès moun pat pwopyetè. Envazyon sa a deranje òganizasyon sosyal kominotè a. Li tabli rejim esklavajis pou piye richès lò ak souse san ayisyen yo. Lafrans pat ko vin tabli Sendomeng lè gouvènman militè relijye sa yo te vin wè nesesite ki genyen pou yo fè lapè nan mitan yo. Nan lane 1648, yo reyini pou yo mete kanpe premye fòm gouvènay entènasyonal. Nan akò Wesfali a (Almay), yo rekonèt chak peyi granmoun tèt li, epi okenn lòt pa gen dwa vin fè agresyon sou li. Se kòmkidire dwa yon granmèt bay yon ti fanmi 7 Dann. eee pa sifi pou 1 gouvènen; li ta blije chèche akò lòt ti fanmi nan lòt peyi. Dwa entènasyonal parèt akote dwa diven. Yon pwofesyonèl tou vin egziste: se anbasadè. Nan koloni yo, se pito gouvènè ki te genyen, tankou Sendomeng, menmsi yo te egziste anvan kontra Wesfali a. | Nan moman feyodal yo, se lakanpay ki t ap domine lavil, se senyè ki t ap oryante biznis komèsan ap fè. Atelye yo pat gen dwa depase 10 apranti, dekwa pou yo pa devlope plis pase travay peyizan yo te fòse fè sou tè grandon. Men, nan koloni yo, pwoblèm klas moun dominan yo, kidonk plantè yo, te chita sou twòp benefis komèsan metwopoliten yo fè sou travay esklav bitasyon kann yo, parapò ak gany plantè yo. Yon bò, libète endividyèl chavire dwa diven; yon lòt bò, lib endividyalite ranvèse kapital esklavajis. Viktwa revolisyonè sa yo kraze akò Wesfali a, jouk belijeran kapitalis yo tanmen premye gwo lagè a (1914-1918). Nan finisman, yo mete ansanm pou yo kreye Sosyete pou tout Nasyon, men an reyalite, se te pou Lewòp ak Etazini plis Japon. Pou koloni yo, yo te prevwa ranplase kòd kolonyalis la avèk kòd devlopmantis la. Se nan sans sa a, prezidan Wilson te deklare, endepandans se dwa tout pèp genyen; devlopman sa a, se tankou libète endividyèl nan peyi sousè yo. Nan plas ministè pou koloni, yo mete Ajans pou koperasyon entènasyonal. Teren ideyolojik la te deja tou pare lè Òganizasyon Nasyonzini (ONI) pran desizyon pou legalize yon pratik ki ride nan gouvènen pou lapè kapital. Se nimewo 71 Manman Lwa dezyèm Sosyete pou tout Nasyon yo, ki montre enpòtans pou “Òganizasyon ki pa gouvènman” (ONG) bay konsèy sou chimen Jn NO ' Pou nou konprann lide sa a, nou blije sonje : nan sistèm feyodal la, se granmèt ki te bay pouvwa. Se sitou yon ti fanmi ki te resevwa don sa a nan revelasyon yon granmèt. 8

See more

The list of books you might like

Most books are stored in the elastic cloud where traffic is expensive. For this reason, we have a limit on daily download.